- Anpil
- Yon kantite ki egzije tan pou konte li. Yon gwo kantite.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Pwason — Anpil bèt ki viv nan dlo e moun manje anpil nan yo. Anpil pwason gen fòm oval avèk yon pwent kote boush yo, je yo avèk zòrèy yo ye. Lòt pwent la se kote ke yo ye … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Spò — Anpil disiplin kote moun sib kèk prensip pandan yo ap fè egzèsis pou ogmante enèji nan manm kò yo. Moun fè spò anpil pou ede yo kontinye jwe anpil jwèt tankou foubòl, volebòl, bezbòl e latriye … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Farinay — Anpil ti moso nan nenpòt bagay. Yon lapli ki ap tonbe tou piti san li pa janm bay anpil, gwo gout lapli … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Kokennshenn — Anpil nan yon bagay. Abondans. Anpil … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Literati — Anpil ekriti ki te fèt pou eksplike kèk bagay nan yon sosyete. Tout travay avèk zèv ekriven yon peyi tankou pwezi, romans e latriye. Travay yon moun ki ap pale anpil pou fè moun konprann yon bagay … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Asanble — Anpil moun ki rasanble pou yon menm rezon yon kote. Depite avèk senatè ki rasanble pou diskite e fè lwa pou yon peyi … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Foul — Anpil moun ki reyini ansanm … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Koush — Anpil nan yon bagay ki parèt san moun pate ap espere li. Kantite kras ki sou kò yon moun … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Krabinay — Anpil ti moso bagay tankou bwa, fèy, twal, zo, e latriye lavalas pote ale depoze nan yon kwen … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Latriye — Anpil lòt bagay ki vini, ki kapab vini apre san bay non yo. Bagay ki sib lòt bagay ki devan yo … Definisyon 2500 mo Kreyòl